Jan 5:19
Lè sa a, Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l' wè Papa a fè, se sa l' fè tou. Tou sa Papa a ap fè, Pitit la fè l' tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 1:1Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
Exodus 4:11Seyè a di l': -Kilès ki bay moun bouch pou yo pale? Kilès ki fè moun sa a bèbè, moun sa a soudè? Kilès ki fè moun sa a wè, moun sa a avèg? Eske se pa mwen menm, Seyè a?
Psalms 50:6Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!
Proverbs 2:6Se Seyè a ki bay konesans. Pawòl ki soti nan bouch li bay lespri ak konprann.
Isaiah 45:24Y'a di: Se nan Seyè a sèl nou jwenn jistis ak fòs kouraj! Tout moun ki t'ap kenbe tèt avè l' yo pral wont, y'ap vin nan pye l'.
Luke 21:15Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di.