1 John 2:10
Se moun ki renmen frè yo ki nan limyè a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fè yon lòt tonbe nan peche.
Bib La
In The King James Version
He that loveth his brother abideth in the light, and there is none occasion of stumbling in him.
In Context
9Moun ki di yo nan limyè epi pou anmenmtan yo rayi frè yo, moun konsa nan fènwa toujou.
Cross References
Hosea 6:3N'a konnen Seyè a, n'a toujou chache konnen Seyè a pi byen. Tankou nou sèten solèy la gen pou l' leve, konsa tou nou sèten n'ap jwenn li. Tankou nou sèten lapli gen pou l' wouze latè lè sezon l' rive, konsa tou nou sèten l'ap vin jwenn nou.
Matthew 18:7Ala yon lapenn pou lèzòm! Pa manke bagay ki pou fè yo tonbe nan peche! Wi! se vre, bagay sa yo ap toujou la. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive!
John 8:31Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre.
Romans 14:13Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n' pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.
2 Peter 1:10Se poutèt sa, frè m' yo, se pou nou fè jefò plis toujou pou nou rete fèm nan pozisyon kote Bondye mete nou an, li menm ki rele nou, ki chwazi nou. Si nou fè sa, nou p'ap janm tonbe.