Romans 14:13
Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n' pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo.
Cross References
2 Samuel 12:14Sèlman, ak sa ou fè la a, ou moutre jan ou ka derespekte Seyè a. Se poutèt sa pitit ou fèk genyen an ap mouri.
Ezekiel 14:3-Nonm o! Moun sa yo lage kò yo bay zidòl nèt. Yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Yo met nan tèt yo mwen pral kite yo vin mande m' konsèy?
Matthew 16:23Men, Jezi vire tèt li, li di Pyè konsa: Wete kò ou sou mwen, Satan. W'ap chache fè m' tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.
Luke 12:57Poukisa nou pa chache konprann pou tèt pa nou sa nou dwe fè ki dwat?
Romans 9:32Poukisa? Paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye; yo t'ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras ak zèv yo t'ap fè yo. Se konsa y' al frape pye yo sou wòch k'ap fè moun bite a,
Romans 14:4Ki moun ou ye konsa pou w'ap jije domestik lòt moun? Kit domestik la kenbe fèm nan sèvis la, kit li tonbe, sa se zafè ki gade mèt li ase. Men, pa pè, li gen pou l' kenbe fèm, paske Seyè a gen pouvwa pou l' soutni li.