Matie 18:7
Ala yon lapenn pou lèzòm! Pa manke bagay ki pou fè yo tonbe nan peche! Wi! se vre, bagay sa yo ap toujou la. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:7Se konsa, te vin gen yon kabouyay ant gadò mouton Abram yo ak gadò mouton Lòt yo. Lè sa a, se moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo ki te rete nan peyi a.
1 Samuel 2:22Eli te fin granmoun. Li te tande moun ap di tou sa pitit gason l' yo t'ap fè moun Izrayèl yo pase, jan yo te menm rive kouche ak medam ki t'ap travay nan pòtay devan Kay Randevou a.
Matthew 13:41Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. y'a mete yo deyò nan Peyi kote l' Wa a.
Matthew 26:24Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l' la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pa t' janm fèt.
Luke 17:1Jezi di disip li yo: Ap toujou gen bagay k'ap fèt ki pou fè moun fè peche. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive.
Acts 1:16Frè m' yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida t'apral mennen moun ki te arete Jezi yo.