1 John 2:16
Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 6:2Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.
Numbers 11:34Yo rele kote sa a: Simityè Grangou, paske se la yo te antere tout moun nan pèp la ki t'ap plenyen pou vyann.
Esther 1:3Li te gen twazan depi li te wa. Yon jou, li bay yon gwo fèt babako pou tout chèf li yo ak pou tout moun k'ap sèvi avè l' nan gouvènman an. Tout lame peyi Pès ak peyi Medi a te la tou ansanm ak tout gouvènè ak tout gwo zotobre pwovens yo.
Psalms 73:6Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun.
Psalms 78:30Men, yo pa t' ankò fin manje, yo pa t' ankò fin plen vant yo, manje a te nan bouch yo toujou,
Proverbs 6:25Yo te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y'ap fè je dou ba ou.