Esther 1:3
Li te gen twazan depi li te wa. Yon jou, li bay yon gwo fèt babako pou tout chèf li yo ak pou tout moun k'ap sèvi avè l' nan gouvènman an. Tout lame peyi Pès ak peyi Medi a te la tou ansanm ak tout gouvènè ak tout gwo zotobre pwovens yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Lè sa a, wa a te rete lavil Souz, kapital la, ki te tankou yon sitadèl.
Cross References
1 Kings 3:15Lè Salomon leve, li vin konprann Bondye te pale avè l' nan rèv. Li tounen lavil Jerizalèm, l' ale devan Bwat Kontra Seyè a, li ofri bèt pou yo boule nèt, bèt pou yo touye pou di Seyè a mèsi. Apre sa, li bay yon gwo fèt pou tout moun k'ap travay nan gouvènman l' lan.
Esther 1:14Men konseye ki te pi pre l' yo se te Kachna, Cheta, Admata, Tachich, Meris, Masena ak Mimoukan, sèt gwo chèf ki te soti nan peyi Pès ak nan peyi Medi ki te gen dwa wè wa a lè yo vle. Lèfini, se yo ki te gen premye plas nan gouvènman an.
Esther 3:7Lè sa a, wa Asyeris t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen. Nan premye mwa a, mwa Nisan an, Aman mande yon divinò fè l' konnen ki jou ak ki mwa ki pi bon pou l' fè sa l' te vle fè a. Se konsa yo tonbe sou douzyèm mwa a, mwa Ada a.
Jeremiah 51:11Bondye moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l' detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch!
Daniel 5:1Yon jou, wa Bèlchaza bay yon gwo resepsyon pou mil moun nan gwo zotobre peyi a. Yo t'ap bwè diven ansanm.
Daniel 6:1Dariyis deside chwazi sanven (0120) prefè li mete chèf nan tout peyi a.