1 John 2:17
Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 39:6(039:7) Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo.
Psalms 90:9Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.
Psalms 125:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou l', yo p'ap janm brannen, y'ap la pou tout tan.
Proverbs 10:25Depi move tan pase, mechan yo disparèt lamenm. Men, moun k'ap mache dwat yo ap toujou kanpe fèm.
Matthew 7:21Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la.
Matthew 24:35Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.