1 John 2:5
Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fè yonn ak Bondye:
Bib La
In The King James Version
In Context
6Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l' viv tankou Jezi te viv la.
Cross References
Psalms 106:3Ala bon sa bon pou moun ki fè sa Bondye mande l' fè, ki toujou ap fè sa ki dwat devan li!
Psalms 119:4Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn.
Proverbs 8:32Koulye a, pitit mwen yo, louvri zòrèy nou pou nou tande mwen. Ala bon sa bon pou moun ki fè sa m' di yo fè!
Ecclesiastes 8:5Moun ki fè sa yo ba li lòd fè a pa nan pwoblèm. Yo p'ap fè l' anyen. Yon nonm ki gen bon konprann konnen ki jan ak kilè pou l' fè sa li gen pou l' fè a.
Luke 11:28Jezi reponn li: Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l' an pratik, se yo menm Bondye beni.
John 14:21Moun ki asepte kòmandman m' yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m' va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l', epi m'a fè l' wè mwen.