1 John 3:6
Konsa, si yon moun fè yonn ak Kris la tout tan, l'ap sispann viv nan peche. Moun ki kontinye ap fè peche toujou, se moun ki pa janm wè l', ki pa janm konnen li.
Bib La
In The King James Version
Whosoever abideth in him sinneth not: whosoever sinneth hath not seen him, neither known him.
In Context
5Nou konn sa: Jezikri te parèt pou wete peche lèzòm, men li menm li pa t' janm fè peche.
Cross References
2 Corinthians 3:18Nou tout, nou pa kouvri figi nou; nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nèt ak Seyè a. Sa se travay Seyè a. Lespri Bondye.
1 John 2:4Lè yon moun di: mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l' fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li.
1 John 3:2Mezanmi, koulye a nou se pitit Bondye. Nou poko konnen egzakteman sa nou pral tounen. Men, nou konnen lè Kris la va parèt nou pral tounen tankou l', paske nou pral wè l' jan l' ye a.
1 John 4:8Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.
3 John 1:11Zanmi mwen, pa fè tankou moun k'ap fè sa ki mal. Fè tankou moun k'ap fè sa ki byen. Moun k'ap fè sa ki byen, se moun Bondye yo ye. Moun k'ap fè sa ki mal pa t' janm wè Bondye.