1 John 3:5
Nou konn sa: Jezikri te parèt pou wete peche lèzòm, men li menm li pa t' janm fè peche.
Bib La
In The King James Version
And ye know that he was manifested to take away our sins; and in him is no sin.
In Context
4Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa.
Cross References
Isaiah 53:4Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l'. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l'. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l', se kraze Bondye t'ap kraze l' anba men l'.
Matthew 1:21Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l' yo.
Luke 23:47Lè kaptenn lame a wè sak te rive, li fè lwanj Bondye, epi li di: Se vre wi. Nonm sa a te inonsan.
John 1:31Mwen pa t' konnen ki moun sa tapral ye. Men, mwen vin batize nou nan dlo pou moun pèp Izrayèl yo te ka rekonèt li.
John 14:30Mwen p'ap pale anpil ankò avè nou, paske chèf k'ap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen.
2 Corinthians 5:21Kris la pa t' janm fè okenn peche, men Bondye fè l' pran sò nou sou li, yo trete l' tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.