1 John 4:5
Lè y'ap pale yo pale tankou moun ki nan lemonn. Moun ki nan lemonn ap koute yo paske yo menm tou yo se moun lemonn.
Bib La
In The King James Version
They are of the world: therefore speak they of the world, and the world heareth them.
In Context
Cross References
Psalms 17:4Mwen pa fè tankou lòt yo. Mwen obeyi kòmandman ou yo. Mwen pa fè tankou moun k'ap maltrete frè parèy yo.
Jeremiah 5:31Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?
Micah 2:11Si yon moun ap plede pwonmennen bay manti pou twonpe moun, si li di: M'ap fè prediksyon pou nou: Men li, diven ak gwòg pral koule kou dlo, se moun konsa nou renmen pou pwofèt.
John 3:31Moun ki soti anwo a pi gran pase nou tout. Moun ki soti sou latè, se pou latè li ye, l'ap pale nou bagay ki sou latè. Moun ki soti anwo nan syèl la, li pi wo pase nou tout.
John 8:23Jezi reponn yo: Nou soti anba, mwen menm mwen soti anwo. Nou se moun tè sa a, mwen menm mwen pa moun tè sa a.
John 17:14Mwen te ba yo pawòl ou; lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn.