Micah 2:11
Si yon moun ap plede pwonmennen bay manti pou twonpe moun, si li di: M'ap fè prediksyon pou nou: Men li, diven ak gwòg pral koule kou dlo, se moun konsa nou renmen pou pwofèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 22:6Se konsa Akab reyini katsan (0400) pwofèt li yo, li mande yo: -Eske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la, osinon èske se pou m' kite sa? Yo reponn li: -Atake l', monwa! Seyè a ap lage l' nan men ou.
2 Chronicles 18:19Seyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou li al fè yo touye l' lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay.
Isaiah 30:10Y'ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.
Jeremiah 6:13Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.
Jeremiah 14:14Men, Seyè a reponn, li di m' konsa: -Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m' pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo ankenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l'. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di.
Jeremiah 23:17Yo pale ak moun ki derefize koute m' yo, y'ap di yo: Tout bagay ap mache byen pou nou. Yo pale ak tout moun ki soti pou kenbe tèt avè m', y'ap di yo: Anyen p'ap rive nou!