1 Kings 11:28
Jewoboram te yon vanyan gason, lèfini li te konn sa li vle. Lè Salomon wè jan jenn gason an te travay rèd, li mete l' reskonsab travay kòve nan pòsyon tè ki pou fanmi pitit Jozèf yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 1:12Men, ki jan pou m' fè pote tout chay sa a pou kont mwen, pou m' jwenn solisyon pou tout pwoblèm nou, pou m' regle tout kont nou gen yonn ak lòt?
Judges 1:22Moun de branch fanmi Jozèf yo moute al atake lavil Betèl ki te rele Louz anvan sa. Seyè a te kanpe avèk yo tou.
1 Kings 5:16san konte twamil twasan (03.300) fòmann gouvènè yo te nonmen alatèt mesye sa yo pou kontwole travay yo.
Isaiah 14:25M'ap kraze lame wa Lasiri a nan peyi mwen an. M'ap pilonnen l' anba pye m' sou mòn mwen yo. M'ap wete pye l' sou kou pèp mwen an, m'ap wete chay li te mete sou zepòl yo a.
Zechariah 10:6Mwen pral bay moun fanmi Jida yo fòs. Mwen pral delivre moun fanmi Jozèf yo. M'ap fè yo tounen lakay yo paske kè m' fè m' mal pou yo. Se va tankou si m' pa t' janm lage yo. Se Seyè a, Bondye yo a, mwen ye. M'ap tande lapriyè yo fè nan pye m'.