Isaiah 14:25
M'ap kraze lame wa Lasiri a nan peyi mwen an. M'ap pilonnen l' anba pye m' sou mòn mwen yo. M'ap wete pye l' sou kou pèp mwen an, m'ap wete chay li te mete sou zepòl yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Men sa mwen fè lide fè pou latè. Mwen pral leve men m' pou m' pini tout nasyon yo.
Cross References
2 Chronicles 32:21Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.
Isaiah 10:12Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.
Isaiah 10:24Se poutèt sa, Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a di konsa: -Nou menm, pèp mwen ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè moun peyi Lasiri yo k'ap woule nou anba baton, k'ap leve men yo pou yo frape nou menm jan moun peyi Lejip yo te fè nou an.
Isaiah 10:32Jòdi a, lènmi an fè yon rete lavil Nòb. L'ap giyonnen moun ki rete sou mòn Siyon yo. L'ap lonje dwèt sou lavil Jerizalèm.
Isaiah 17:12Ki malè sa a? Yon foul moun k'ap toumante kò yo tankou lè lanmè a move. Y'ap bat kò yo fè gwo bri tankou lanm lanmè k'ap frape ak fòs sou rivaj la.
Isaiah 31:8Lagè pral fini ak peyi Lasiri, men se pa moun ki pral fè lagè avè l'. Lè batay la, li pral kouri met deyò, men y'ap pran tout jenn gason l' yo fè yo tounen esklav.