Zechariah 10:6
Mwen pral bay moun fanmi Jida yo fòs. Mwen pral delivre moun fanmi Jozèf yo. M'ap fè yo tounen lakay yo paske kè m' fè m' mal pou yo. Se va tankou si m' pa t' janm lage yo. Se Seyè a, Bondye yo a, mwen ye. M'ap tande lapriyè yo fè nan pye m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 89:21(089:22) M'ap toujou soutni l' avèk fòs mwen. M'a fòtifye l' avèk pouvwa mwen.
Isaiah 41:10Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Isaiah 49:17Moun ki pral rebati lavil la ap vin talè konsa. Moun ki t'ap kraze nou yo, ki t'ap piye nou yo, pral kouri met deyò.
Jeremiah 23:6Sou rèy wa sa a, pèp Jida a va sove, pèp Izrayèl la va viv ak kè poze nan peyi l'. Y'a rele wa a: Seyè a, Delivrans nou.
Jeremiah 30:20Pitit gason yo va tankou nan tan lontan. M'ap fè peyi a kanpe byen fèm ankò devan mwen. M'a pini tout moun k'ap peze yo.
Jeremiah 31:20Izrayèl, nou se pitit gason mwen pi renmen an, pitit mwen pi pito a. Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m' pini nou, mwen chonje jan mwen renmen nou. Se poutèt sa mwen fèb pou nou, m'a gen pitye pou nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.