1 Kings 11:3
Salomon te marye ak sètsan (0700) madanm ki soti nan fanmi gwo chèf, lèfini li te gen twasan (0300) fanm kay. Medam sa yo fè l' vire do bay Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 17:17Wa a pa fèt pou l' gen anpil madanm, paske sa ka fè l' pèdi tèt li. Li pa fèt pou l' gen twòp ajan ak twòp lò pou tèt pa l'.
Judges 8:30Li te gen swasanndis pitit gason, paske li te gen anpil manman pitit.
2 Samuel 3:2Men sis pitit gason David vin fè antan li te lavil Ebwon: Pi gran an te rele Amon. Se Akenoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l'.
2 Chronicles 11:21Antou Woboram te gen dizwit madan marye ak swasant fanm kay. Li fè venntwit pitit gason ak swasant pitit fi. Nan tout madan marye li yo ak fanm kay li yo, se Maka, pitit fi Absalon an, li te pi renmen.
Ecclesiastes 2:8Mwen ranmase anpil bagay fèt an ajan ak an lò ansanm ak richès lòt chèf k'ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen.