Ecclesiastes 2:8
Mwen ranmase anpil bagay fèt an ajan ak an lò ansanm ak richès lòt chèf k'ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 19:35Mwen deja gen katreven lanne sou tèt mwen. Anyen pa di m' anyen ankò. M' pa pran gou ni sa m'ap manje, ni sa m'ap bwè. M' pa tande vwa gason ak fi k'ap chante yo ankò. M' pral tounen yon chay pou monwa.
1 Kings 9:28Yo vwayaje rive peyi Ofi kote y' al chache sèz tòn lò pote bay Salomon.
1 Kings 10:14Chak lanne wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò,
1 Kings 11:3Salomon te marye ak sètsan (0700) madanm ki soti nan fanmi gwo chèf, lèfini li te gen twasan (0300) fanm kay. Medam sa yo fè l' vire do bay Bondye.
1 Kings 14:27Wa Woboram fè fè gwo plak pwotèj an kwiv pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo nan men chèf gad ki t'ap fè pòs nan pòtay kay wa a.
1 Chronicles 25:6Se Eyman, papa yo, ki t'ap dirije yo lè y'ap chante nan sèvis y'ap fè nan Tanp Bondye a, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Asaf, Jedoutoun ak Eyman te sou zòd wa a.