1 Kings 12:19
Depi lè sa a, moun pèp Izrayèl yo vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jòdi a.
Bib La
In The King James Version
So Israel rebelled against the house of David unto this day.
In Context
Cross References
1 Samuel 10:19Se mwen menm Bondye nou an ki te pwoteje nou nan tout move pa, nan tout kè sere, epi koulye a n'ap voye m' jete, n'ap di m' se yon wa pou m' mete gouvènen nou! Enben, nou tout, vini non devan Seyè a. Sanble tout moun, branch fanmi pa branch fanmi, fanmi pa fanmi. Fè yo parèt devan li.
2 Kings 17:21Li separe pèp la, li mete moun peyi Izrayèl yo yon bò, moun fanmi David yo yon bò. Moun peyi Izrayèl yo pran Jewoboram, pitit Nebat, yo mete l' wa pou gouvènen yo. Jewoboram lakòz yo kite chimen Seyè a nèt. Li fè yo fè pi gwo peche toujou.
2 Chronicles 13:5Eske se konnen nou pa konnen Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te pase yon kontra ak David, kontra ki pa kapab kase. Dapre kontra a, li mete gouvènman pèp Izrayèl la nan men l' ak nan men fanmi l' pou tout tan.
Isaiah 7:17Seyè a pral fè yon malè sou ou, sou pèp la ak sou tout fanmi David, granpapa ou la, yon malè ki pral pi mal pase lè moun Efrayim yo te separe ak moun Jida yo. L'ap fè wa peyi Lasiri a parèt sou nou.
Hebrews 6:6Apre sa, si yo voye konfyans yo nan Bondye jete, pa gen mwayen pou yo tounen vin jwenn Bondye ankò. Paske, yo kloure Pitit Bondye a yon dezyèm fwa sou kwa a. Yo fè l' wont devan tout moun ankò.