Isaiah 7:17
Seyè a pral fè yon malè sou ou, sou pèp la ak sou tout fanmi David, granpapa ou la, yon malè ki pral pi mal pase lè moun Efrayim yo te separe ak moun Jida yo. L'ap fè wa peyi Lasiri a parèt sou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 12:19Depi lè sa a, moun pèp Izrayèl yo vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jòdi a.
2 Kings 18:13Wa Ezekyas t'ap mache sou katòzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Senakerib, wa peyi Lasiri, vin atake tout lavil ak gwo ranpa peyi Jida yo. Li pran yo.
2 Chronicles 28:19Seyè a te voye tout malè sa yo sou peyi Jida a poutèt Akaz, wa peyi Jida a, ki te pouse pèp la neglije Bondye yo a, epi ki poutèt pa l' te vire do bay Bondye nèt.
2 Chronicles 33:11Lè sa a, Seyè a voye chèf lame wa peyi Lasiri a vin atake yo. Yo mete men sou Manase, yo pase kwòk nan machwè li, yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv, yo mennen l' lavil Babilòn.
Nehemiah 9:32Koulye a, Bondye nou, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki gen fòs kouraj, yon Bondye ki fè moun respekte l'. W'ap toujou kenbe kontra ou te pase a, ou p'ap janm sispann gen bon kè. Tanpri, chonje lafliksyon ki te tonbe sou nou tout, sou wa nou yo, sou chèf nou yo, sou prèt nou yo, sou pwofèt nou yo, sou zansèt nou yo ak sou tout pèp la, depi lè wa peyi Lasiri yo t'ap peze nou an rive jouk koulye a. Pa kite nou soufri tou sa pou gremesi.
Isaiah 10:5Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.