2 Chronicles 13:5
Eske se konnen nou pa konnen Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te pase yon kontra ak David, kontra ki pa kapab kase. Dapre kontra a, li mete gouvènman pèp Izrayèl la nan men l' ak nan men fanmi l' pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 2:13W'a simen sèl sou tout ofrann w'ap fè, paske sèl la se pou fè ou chonje kontra Bondye te pase avè ou la. Wi, se pou nou mete sèl sou tou sa n'ap ofri.
Judges 11:21Men, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, lage Siyon ansanm ak tout moun li yo nan men pèp Izrayèl la ki bat yo byen bat. Se konsa, pèp Izrayèl la pran peyi a nan men moun Amori yo ki te rete nan zòn lan.
1 Samuel 16:12Se konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l' vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l' te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Seyè a di Samyèl: -Men li! Kanpe non, vide lwil sou tèt li.
2 Samuel 10:13Joab ak sòlda li yo mache sou moun Aram yo. Moun Aram yo kouri pou li.
1 Chronicles 17:11Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm.
1 Chronicles 28:4Men se mwen menm Seyè a, Bondye Izrayèl la, te chwazi nan mitan tout fanmi m' yo pou fè m' wa peyi Izrayèl la pou tout tan. Li te chwazi branch fanmi Jida a pou pran kòmandman peyi a. Nan branch fanmi Jida a, li chwazi fanmi papa m'. Nan fanmi papa m', sa te fè l' plezi pou l' chwazi m' pou l' mete m' wa sou tout peyi Izrayèl la.