1 Kings 12:33
Se konsa, sou kenzyèm jou wityèm mwa a, jou li menm li te chwazi a, li moute lavil Betèl, l' al touye bèt sou lotèl la pou fete fèt li menm li te fè lide fete pou pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 15:39Chak fwa n'a wè ponpon sa yo, sa va fè nou chonje tou sa Seyè a te ban nou lòd fè pou nou ka fè yo. Konsa, nou p'ap pèdi tèt nou, nou p'ap vire do ban mwen pou nou swiv pwòp lide pa nou ak pwòp dezi pa nou.
1 Kings 13:1Lè sa a, Seyè a bay yonn nan pwofèt li yo ki te nan peyi Jida lòd pou li moute lavil Betèl. Lè li rive lavil Betèl, Jewoboram te kanpe bò lotèl la ap boule lansan.
2 Kings 17:32Kifè yo t'ap sèvi Seyè a, men an menm tan yo chwazi moun nan mitan yo pou sèvi prèt zidòl yo, pou fè sèvis pou yo nan tanp zidòl yo.
2 Chronicles 26:6Ozyas leve al goumen ak moun Filisti yo. Li kraze miray ranpa lavil Gat, lavil Jabne ak lavil Asdòd. Li bati lòt lavil ak miray ranpa nan zòn Asdòd ak nan mitan peyi Filisti a.
Isaiah 29:13Seyè a di: -Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.
Mark 7:13Se konsa nou fè pawòl Bondye yo pase pou anyen ak pawòl pa nou n'ap transmèt yonn bay lòt. Nou fè anpil lòt bagay konsa ankò.