1 Kings 13:21
ki pale byen move ak pwofèt peyi Jida a. Li di l' byen fò: -Seyè a di ou ou pa koute lòd li te ba ou, ou pa fè sa li te mande ou fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Yo te chita bò tab la toujou lè Seyè a pale ak pwofèt Betèl la
Cross References
Leviticus 10:3Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.
Numbers 20:24-Arawon pa pral antre nan peyi mwen pwomèt pou m' bay moun pèp Izrayèl yo. Msye pral mouri, li pral jwenn moun li yo ki te mouri anvan l' yo, paske nou tou de, nou pa t' fè sa mwen te ban nou lòd fè bò sous dlo Meriba a.
1 Samuel 13:13Samyèl di Sayil konsa: -Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Seyè a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lòd li, li ta kite ou gouvènen pèp Izrayèl la, lèfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba.
1 Samuel 15:22Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a.
2 Samuel 12:9Poukisa atò ou pa swiv lòd mwen yo? Poukisa ou fè mechanste sa a? Ou fè yo touye Ouri nan lagè, ou kite moun Amon yo touye l'. Lèfini, ou pran madanm li!
1 Kings 13:17Paske Seyè a te ban m' lòd pou m' pa t' ni manje ni bwè anyen avè ou isit la, lèfini pou m' pa pran menm chemen mwen te pase pou m' vini an pou m' tounen.