2 Samuel 12:9
Poukisa atò ou pa swiv lòd mwen yo? Poukisa ou fè mechanste sa a? Ou fè yo touye Ouri nan lagè, ou kite moun Amon yo touye l'. Lèfini, ou pran madanm li!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:13Piga nou touye moun.
Numbers 15:31Paske li refize tande sa Seyè a te di a, li fè sa li konnen li pa t' dwe fè. Dapre lòd Seyè a, se pou yo touye l'. Epi se li menm sèl ki va reskonsab lanmò li.
1 Samuel 15:23Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò!
2 Samuel 11:14Nan denmen, David ekri Joab yon lèt, li bay Ouri pote l' ale.
2 Samuel 11:27Lè seremoni lantèman yo fini, David voye chache l', li pran l' lakay li. Batcheba vin madanm li. Li fè yon pitit gason pou David. Men, sa David te fè a pa t' fè Seyè a plezi menm.
1 Kings 15:5Seyè a te fè sa paske David te toujou fè sa ki dwat devan Seyè a. Pandan tout lavi li, li pa t' janm dezobeyi ankenn lòd Seyè a, si ou wete zafè Ouri, moun peyi Et la.