1 Kings 16:26
Li mache pye pou pye dèyè Jewoboram, pitit Nebat la: li fè sa ki mal, li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa yo te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Omri fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase moun ki te chèf anvan l' yo.
Cross References
1 Kings 12:26Lèfini, Jewoboram di nan kè li: -Jan sa ye koulye a, gouvènman an pral tounen nan men moun fanmi David yo ankò.
1 Kings 16:2-Bacha pa t' anyen menm. Men, mwen mete l' chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Koulye a menm, li fè tankou Jewoboram, lèfini li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Yo fè m' fache ak peche yo fè yo.
1 Kings 16:13Paske Bacha ak Ela, pitit li a, te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo. Yo te peche kont Seyè a, yo te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
Psalms 31:6(031:7) Ou rayi moun k'ap adore zidòl. Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye.
Jeremiah 10:3Relijyon moun sa yo pa vo anyen. Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa, yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo.
Jeremiah 14:22Zidòl moun lòt nasyon yo pa vo anyen. Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli. Syèl la pou kont pa l' pa ka bay lapli. Se ou menm ki Seyè a, Bondye nou an! Se ou menm ki tout espwa nou, paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.