1 Kings 16:31
Non sèlman li te fè tankou Jewoboram, pitit Nebat la, men l' ale pi lwen toujou. Li marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon. Li pran sèvi Baal, l' al met ajenou devan li.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase tout moun ki te chèf anvan l' yo.
32Nan mitan lavil Samari, li bati yon tanp pou Baal, li mete yon lotèl ladan l'.
Cross References
Genesis 6:2Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.
Numbers 16:9Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l', pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo.
Deuteronomy 7:4Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la.
Judges 1:31Moun branch fanmi Asè yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Sidon, lavil Alad, lavil Akzid, lavil Elba, lavil Afik ak lavil Reyòb.
Judges 3:7Moun pèp Izrayèl yo tanmen fè bagay ki te mal nan je Seyè a. Yo bliye Seyè a, Bondye-yo a, yo pran fè sèvis pou Baal yo ak Achera yo.
Judges 10:12moun Sidon yo, moun Amalèk yo ak moun Mawon yo t'ap peze nou nan tan lontan, nou te kriye nan pye m'. Eske mwen pa t' delivre nou anba men yo lè sa a?