The Bible Software
bible.software › Judges › Judges 3 › Judges 3:7

Judges 3:7

Moun pèp Izrayèl yo tanmen fè bagay ki te mal nan je Seyè a. Yo bliye Seyè a, Bondye-yo a, yo pran fè sèvis pou Baal yo ak Achera yo.

Bib La

In The King James Version

And the children of Israel did evil in the sight of the LORD, and forgat the LORD their God, and served Baalim and the groves.

In Context

6Yo pran pitit fi moun sa yo pou madanm, yo bay pitit gason moun sa yo pitit fi pa yo pou madanm, epi yo pran sèvi bondye moun sa yo tou.

8Seyè a fache sou pèp Izrayèl la epi li kite Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, mete pye sou kou yo. Pandan witan pèp Izrayèl la te anba men Kouchan-Riche Atayim.

Read all of Judges 3

Cross References

Deuteronomy 4:9Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.

Deuteronomy 8:14pa kite lògèy vire tèt nou pou nou bliye Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la.

Deuteronomy 16:21Piga nou janm plante ankenn poto Achera ni ankenn pyebwa repozwa pou sèvi nou zidòl bò kote lòtèl n'ap bati pou Seyè a, Bondye nou an.

Judges 2:13Yo vire do bay Seyè a, y' al fè sèvis pou Baal yo ak Astate yo.

Judges 6:25Menm jou lannwit sa a, Seyè a di Jedeyon konsa: -Pran towo bèf papa ou la, ansanm ak yon lòt towo ki gen sètan. Kraze lotèl papa ou te fè pou Baal la. Koupe poto Achera ki bò kote l' la.

1 Samuel 12:9Men yo bliye Seyè a, Bondye yo a. Lè sa a, Bondye lage yo nan men Sisera, chèf lame lavil Azò a, nan men moun Filisti yo ak nan men wa peyi Moab ki leve fè lagè ak yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Judges 3:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Judges 3:6Judges 3Judges 3:8 →