Numbers 16:9
Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l', pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Moyiz di Kore konsa: -Koute non, nou menm pitit Levi yo!
Cross References
Numbers 1:53Men, moun fanmi Levi yo va moute kay yo fè wonn Tant Randevou a pou kòlè Bondye pa tonbe sou pèp Izrayèl la. Se yo menm tou ki la pou veye sou Tant Randevou a.
Numbers 3:41Se mwen menm ki Seyè a. W'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo apa pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Konsa tou, w'a pran tout bèt ki pou moun fanmi Levi yo, w'a mete yo apa pou mwen nan plas premye ti mal bèt moun Izrayèl yo va fè.
Numbers 16:13Ou fin fè nou kite yon bon ti peyi kote lèt ak siwo myèl t'ap koule tankou dlo, ou mennen nou vin mouri isit nan dezè a, epi koulye a ou vle pran pòz chèf ou sou nou ankò!
Deuteronomy 10:8Se lè sa a Seyè a te mete moun branch fanmi Levi yo apa pou yo reskonsab pote Bwat Kontra Seyè a, pou yo ka kanpe devan l' fè sèvis pou li, pou yo ka beni pèp la nan non l', jan y'ap fè l' jouk koulye a.
2 Samuel 7:19Men ou wè sa pa kont toujou, Seyè, Bondye sèl Mèt la, kifè koulye a w'ap fè konnen sa ki pral rive fanmi mwen denmen nan lanne k'ap vini yo. Epi ou fè m' konn sa, mwen menm ki yon senp moun, Seyè, Bondye sèl Mèt la!
Nehemiah 12:44Lè sa a, yo chwazi kèk gason yo mete reskonsab chanm depo kote yo te mete pwovizyon yo, ofrann premye grenn ak premye fwi yo ranmase nan chak rekòt yo, ofrann ladim yo ak lòt ofrann pou moun yo fè pou tanp lan: Se mesye sa yo ki te gen pou ale nan tout jaden bò lavil yo, pou ranmase sa lalwa te mande pou bay prèt yo ak moun Levi yo. Tout moun peyi Jida te kontan ak travay moun Levi yo ak prèt yo t'ap yo fè.