1 Kings 18:21
Eli al kanpe devan pèp la, li di yo: -Kilè n'a sispann woule de bò! Si se Seyè a ki Bondye, se li pou n' sèvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n' sèvi! Men pèp la pa di yon mo.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Akab voye chache tout pèp Izrayèl la. Li fè sanble tout pwofèt Baal yo sou mòn Kamèl la.
Cross References
Genesis 44:16Jida reponn li: -Mèt, nou pa konn sa pou nou di. Nou pa ka pale. Pa gen savon pou lave nou devan ou. Se Bondye menm ki fè ou dekouvri nou. Mèt, se poutèt sa se pa sèlman moun ki te gen gode a nan men l' lan ki esklav ou, se nou tout ki esklav ou.
Deuteronomy 4:35Se nou menm sèl Seyè a te fè wè tou sa pou nou te ka konnen se Seyè a ki sèl Bondye tout bon an, pa gen lòt ankò.
Joshua 24:23Jozye di yo lè sa a: -Koulye a, se pou nou pran tout bondye lòt pèp ki nan mitan nou ap sèvi yo, voye yo jete. Se pou nou apiye nèt ak tout kè nou sou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
1 Kings 18:39Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: -Se Seyè a ki Bondye! Se Seyè a ki Bondye!
1 Chronicles 17:26Koulye a, Seyè, se ou ki Bondye, se ou ki pwomèt sèvitè ou la bèl bagay sa yo.
Job 40:4-Mwen pa t' konn sa m' t'ap di. Kisa pou m' reponn ou? Se fèmen pou m' fèmen bouch mwen.