1 Kings 18:37
Reponn mwen, Seyè! Reponn mwen pou pèp sa a ka konnen se ou menm Seyè a ki Bondye, pou yo rekonèt se ou menm k'ap fè yo tounen vin jwenn ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 32:24Men li menm, li te rete pou kont li dèyè. Lè sa a, gen yon moun ki mare batay ak li, yo goumen jouk devanjou.
Genesis 32:28Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.
2 Samuel 7:26Toupatou sou latè y'a toujou rekonnèt jan ou gen pouvwa. y'a di se Seyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan anba pwoteksyon ou.
1 Kings 18:29Lè midi fin pase, yo pran rele Baal pi rèd toujou jouk lè pou yo fè ofrann apremidi a rive. Men, ankenn vwa pa reponn! Anyen pa pati.
1 Kings 20:28Yon pwofèt Bondye vin jwenn Akab, wa Izrayèl la, li di l' konsa: -Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske moun Siri yo di se yon bondye mòn mwen ye, mwen pa konn tè plat, mwen pral lage tout gwo lame sa a nan men ou. Konsa w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
2 Chronicles 14:11Asa lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di l' konsa: -Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou koulye a, Seyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Seyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pesonn pa ka kenbe tèt avè ou!