2 Samuel 7:26
Toupatou sou latè y'a toujou rekonnèt jan ou gen pouvwa. y'a di se Seyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan anba pwoteksyon ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 18:36Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo.
1 Chronicles 17:23Koulye a, Seyè, Bondye, se pou ou kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la ansanm ak fanmi li an. Se pou ou fè sa ou di w'ap fè a.
Psalms 61:7(061:8) Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'.
Psalms 89:36(089:37) Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la.
Matthew 6:9Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.