1 Kings 20:15
Lamenm, wa a fè rele jenn sòlda ki te sou lòd gouvènè pwovens yo. Li jwenn desantrannde (0232) sòlda antou. Apre sa, li fè rele tout lame pèp Izrayèl la, li jwenn sètmil (07.000) gason.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 7:7Seyè a di Jedeyon! -Se avèk twasan nèg sa yo ou wè ki te lape dlo a mwen pral delivre nou. Mwen pral lage moun Madyan yo nan men ou. Kite tout lòt yo ale lakay yo.
1 Samuel 14:2Sayil menm te moute kan li anba pye grenad Migwon an, sou lizyè peyi Gibeya a. Li te gen sisan (0600) sòlda konsa avè l'.
1 Kings 19:18Men m'ap kite sètmil (07.000) moun vivan nan peyi Izrayèl la. Se moun ki pa t' mete ajenou devan Baal pou sèvi li, ni ki pa t' bo estati li yo.
2 Chronicles 14:11Asa lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di l' konsa: -Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou koulye a, Seyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Seyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pesonn pa ka kenbe tèt avè ou!
Psalms 106:40Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo.