1 Kings 20:27
Akab reyini tout lame pèp Izrayèl la, li ba yo zam ak pwovizyon. Yo soti al kontre moun Siri yo. Yo separe fè de gwoup, yo moute kan yo devan lame moun Siri yo. Sòlda peyi Izrayèl yo te sanble ak de ti bann kabrit devan lame moun Siri a menm ki te kouvri tout peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 1:11-Mache nan tout kan an. Bay pèp la lòd pou yo pare tout zafè yo, paske nan twa jou nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou peyi pa nou.
Judges 7:8Yo pran tout pwovizyon lòt moun yo te genyen ansanm ak twonpèt yo, yo kenbe yo pou yo. Lèfini, Jedeyon voye tout rès moun pèp Izrayèl yo ale lakay yo. Li fè twasan (0300) moun yo rete ak li sou mòn lan. Moun Madyan yo menm te anba nan plenn lan.
1 Samuel 13:5Moun Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y' al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil (030.000) cha lagè, simil (06000) kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pa t' ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn.
2 Kings 3:6Lamenm, wa Joram kite lavil Samari, li sanble tout lame pèp Izrayèl la.
Ecclesiastes 9:11Yon lòt bagay mwen wè ankò sou latè, se pa toujou moun ki konn kouri ki genyen nan kous, se pa toujou vanyan gason ki genyen nan lagè. Yon moun ki gen konprann pa toujou gen manje pou l' manje, yon moun ki gen lespri pa toujou gen anpil byen. Moun ki gen kapasite pa toujou jwenn gwo pozisyon. Chans ak malchans la pou tout moun.