Judges 7:8
Yo pran tout pwovizyon lòt moun yo te genyen ansanm ak twonpèt yo, yo kenbe yo pou yo. Lèfini, Jedeyon voye tout rès moun pèp Izrayèl yo ale lakay yo. Li fè twasan (0300) moun yo rete ak li sou mòn lan. Moun Madyan yo menm te anba nan plenn lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 23:24-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo: Premye jou setyèm mwa a va yon gwo jou repo pou nou. Jou sa a n'a kònen twonpèt pou fè moun yo chonje se jou pou yo reyini pou adore Bondye.
Numbers 10:9Lè nan peyi a, nou pral fè lagè kont lènmi ki vin atake nou, n'a kònen twonpèt yo epi n'a pouse rèl pou bay siyal batay la. Mwen menm Seyè a, Bondye nou an, m'a vin ede nou, m'a sove nou anba men lènmi nou yo.
Joshua 6:20Se konsa, yo kònen kòn belye yo. Tande pèp la tande son kòn belye yo, yo pouse yon sèl gwo rèl, epi miray ranpa lavil la tonbe plat atè. Epi chak moun pran mache dwat devan yo sou lavil la, yo anvayi l'.
Judges 6:33Lè sa a, tout moun Madyan yo, tout moun Amalèk yo ak tout moun k'ap viv nan dezè a bò solèy leve yo mete tèt ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, yo moute kan yo nan plenn Jizreyèl la.
1 Corinthians 15:52anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.