1 Samuel 13:5
Moun Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y' al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil (030.000) cha lagè, simil (06000) kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pa t' ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 7:2Jozye te voye kèk moun soti lavil Jeriko ale bò Ayi, yon lavil ki te toupre Bèt Avenn, sou bò solèy leve lavil Betèl. Li te di yo pou y' al wè jan sa ye nan peyi a. Mesye yo ale vre, yo wè jan sa ye nan lavil Ayi.
Joshua 18:12Sou bò nò, lizyè yo a te konmanse larivyè Jouden, li moute flan nò mòn Jeriko a, li rale moute sou mòn yo nan direksyon solèy kouche, jouk li rive nan dezè Bèt avenn lan.
1 Samuel 14:23Se konsa jou sa a, Seyè a te sove pèp Izrayèl la. Yo rive jouk lòt bò lavil Bèt-Avenn, yo t'ap goumen toujou.
1 Samuel 17:1Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo lavil Soko nan peyi moun Jida yo, pou y' al goumen. Yo pran pozisyon yon kote yo rele Fwontyè San, ant lavil Soko ak lavil Azeka.
Isaiah 48:19Moun ras nou yo ta menm kantite ak grenn sab. Pitit pitit nou yo ta tankou grenn sab bò lanmè. Anyen pa ta ka detwi nou devan mwen. Non! Nou pa ta janm disparèt devan mwen.
Hosea 4:15Si moun Izrayèl yo vle vire do ban mwen, mwen ta swete moun Jida yo pa fè menm jan an tou! Pa ale lavil Gilgal! Pa moute Betavenn pou fè sèvis! Pa pran non Bondye vivan an pou fè sèman!