1 Kings 5:12
Seyè a kenbe pwomès li. Li bay Salomon anpil bon konprann. Te gen bon antann ant Iram ak Salomon. Yo siyen yon kontra yonn ak lòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
13wa Salomon fè ranmase trantmil (030.000) moun nan tout peyi Izrayèl la pou fè kòve.
Cross References
1 Kings 3:12M'ap ba ou sa ou mande a, m'ap ba ou plis konesans ak plis bon konprann pase tout moun, pase ni sa ki te la anvan ou yo, ni sa k'ap vin apre ou.
1 Kings 15:19-Annou pase kontra yonn ak lòt tankou zansèt nou yo te fè l' la. Men mwen voye bagay an lò ak bagay an ajan sa yo fè ou kado. Koulye a, kase kontra ou pase ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, konsa la blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an.
Psalms 127:1Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.
Ecclesiastes 12:9Men, paske filozòf la te gen bon konprann, li pa janm sispann moutre pèp la tou sa li te konnen. Li egzaminen anpil pwovèb, li etidye yo, li pran san li pou li sanble yo.
Amos 1:9Seyè a di konsa: Moun peyi Tir yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo depòte tout yon nasyon. Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo. Yo pa respekte kondisyon yo te pase pou yo viv yonn ak lòt tankou frè ak frè.