1 Kings 8:12
Lèfini, Salomon di konsa: -Seyè, ou di ou pito viv kote ki fè nwa.
Bib La
In The King James Version
Then spake Solomon, The LORD said that he would dwell in thick darkness.
In Context
11Poutèt nwaj la prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.
13Koulye a, mwen bati yon tanp pou ou ka rete, yon kay kote ou pral viv pou tout tan.
Cross References
Leviticus 16:2Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak Arawon, frè ou la, pou l' pa antre nenpòt kilè, nenpòt ki jan dèyè rido a nan kote ki apa pou mwen an, devan kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a. Paske se la, sou kouvèti ki sou bwat kontra a, mwen parèt nan yon nwaj. Si li pa swiv lòd sa a, li ka mouri.
Deuteronomy 5:22Men pawòl Seyè a te di nou lè nou tout nou te sanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de wòch plat, epi li ban mwen yo.
Psalms 18:8(018:9) Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li.
Isaiah 45:15Tansèlman se yon Bondye moun pa ka wè. Bondye pèp Izrayèl la, se li ki konn delivre moun!