1 Kings 8:13
Koulye a, mwen bati yon tanp pou ou ka rete, yon kay kote ou pral viv pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
I have surely built thee an house to dwell in, a settled place for thee to abide in for ever.
In Context
12Lèfini, Salomon di konsa: -Seyè, ou di ou pito viv kote ki fè nwa.
Cross References
Exodus 15:17Wa mennen yo, w'a plante yo sou mòn ki pou ou a, Seyè, sou mòn kote ou pare pou kay ou a, kay ou bati pou ou a, Seyè.
1 Chronicles 17:12Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen, m'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.
1 Chronicles 28:6Seyè a te di m' tou: Se Salomon, pitit gason ou lan, ki va bati kay mwen an ak tout lakou yo. Se li menm mwen chwazi pou pitit mwen. M'a yon papa pou li.
1 Chronicles 28:20Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: -Mete gason sou ou! Pran kouraj, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Seyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini.
Psalms 78:68Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan.
Psalms 132:14Se la mwen chwazi pou m' toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle.