1 Kings 8:50
Padonnen pèp ou a tout peche yo te fè kont ou, tout vire do yo te vire do ba ou. W'a fè lènmi ki te depòte yo gen pitye pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 30:9Si nou tounen vin jwenn Seyè a, lènmi ki te fè moun menm fanmi ak nou yo ak pitit nou yo prizonye a va gen pitye pou yo, l'a kite yo tounen nan peyi yo. Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun. Si nou tounen vin jwenn li, l'a louvri bra l' ban nou.
Ezra 7:6Esdras te yon nonm save ki te fò anpil nan lalwa Seyè a, lalwa Bondye pèp Izrayèl la te bay Moyiz la. Li t'ap travay ak wa a. Wa a te bay Esdras tou sa li te mande l', paske Seyè a, Bondye li a, t'ap pwoteje l'. Se konsa li kite lavil Babilòn pou l' moute lavil Jerizalèm.
Nehemiah 1:11Aa! Seyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi nan gen krentif pou ou. Tanpri, Seyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jòdi a. Fè wa a resevwa m' byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz wa a.
Psalms 32:5Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo.
Proverbs 16:7Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Seyè a plezi, Seyè a ap fè ata lènmi l' yo aji byen avè l'.
Acts 7:10Li delivre l' nan tout malè li. Lè Jozèf parèt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l' bon konprann, li fè l' aji yon jan ki fè wa a plezi. Farawon an mete Jozèf chèf pou l' gouvènen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou.