The Bible Software
bible.software › 1 Peter › 1 Peter 1 › 1 Peter 1:10

1 Peter 1:10

Pwofèt yo te chache anpil, yo te fouye anpil pou yo te ka konnen ki jan Bondye t'ap delivre nou. Yo te di davans ki kalite favè Bondye tapral fè nou.

Bib La

In The King James Version

Of which salvation the prophets have enquired and searched diligently, who prophesied of the grace that should come unto you:

In Context

9paske nou jwenn sa nou t'ap chache lè nou te kwè a: delivrans pou nanm nou.

11Lespri Kris la ki te nan yo te fè yo konnen davans tou sa Kris la tapral soufri, ansanm ak lwanj ki t'ap tann li apre sa. Men, yo t'ap chache konnen tou kilè ak nan ki sikonstans sa tapral rive.

Read all of 1 Peter 1

Cross References

Genesis 49:10Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.

Daniel 2:44Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.

Haggai 2:7Mwen pral souke tout nasyon yo. Yo pral pote tout richès yo isit la, yo pral plen kay sa a ak bèl bagay. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.

Matthew 13:17Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Anpil pwofèt ak anpil moun ki mache dwat devan Bondye te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pa t' wè li. Yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pa t' tande li.

Luke 10:24Paske, m'ap di nou sa: anpil pwofèt ak anpil wa te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pa t' wè li, yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pa t' tande li.

Luke 24:44Epi li di yo: Men sa m' t'ap di nou an lè m' te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 1 Peter 1:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Peter 1:91 Peter 11 Peter 1:11 →