1 Peter 1:20
Bondye te chwazi l' pou sa depi anvan li te kreye tout bagay. Men, se nan dènye tan sa yo li vin parèt pou byen nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 8:23Li te fè m' nan konmansman nèt, an premye, anvan tout lòt bagay sou latè.
Acts 3:25Pwomès Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l' te di Abraram: Gremèsi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon.
Romans 16:25Ann fè lwanj Bondye! Se li ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans lan dapre bon nouvèl m'ap anonse a, dapre mesaj m'ap preche sou Jezikri a, dapre konesans Bondye ban nou kifè nou wè plan travay li. Se li menm ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans sa a. Plan travay sa a te kache pandan lontan lontan.
Ephesians 1:4Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, li te chwazi nou nan Kris la pou nou te kapab viv apa pou li, pou n' te san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an,
Ephesians 3:9Li ban m' privilèj sa a pou m' fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l' depi lontan.
Colossians 1:26pou m' fè tout moun konnen sekrè li te kenbe kache depi tout tan kifè pesonn pa t' konnen l'. Men koulye a, li devwale l' bay tout moun ki pou li.