Akdèzapot 3:25
Pwomès Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l' te di Abraram: Gremèsi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Tout pwofèt ki te pale depi Samyèl ak tou sa ki te vin apre l' yo, yo tout yo te anonse tan sa a.
Cross References
Genesis 12:3M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.
Genesis 17:19Men Bondye di l'. Non, se Sara madanm ou, ki gen pou fè yon pitit gason pou ou. W'a rele l' Izarak. M'ap kenbe kontra mwen avèk li, ansanm ak pitit pitit li yo. Pa bliye. Se va yon kontra k'ap la pou tout tan.
Genesis 20:7Men sa pou ou fè: renmèt nonm lan madanm li. Se yon pwofèt Bondye li ye. La lapriyè pou ou pou ou pa mouri. Men, si ou pa renmèt li, mwen tout di ou nou pral mouri, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.
Genesis 26:4M'ap ba ou anpil anpil pitit tankou zetwal nan syèl la. M'ap ba yo tout tè sa yo. Gremesi pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon.
Genesis 28:14Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè.
Genesis 49:1Jakòb fè rele pitit gason l' yo, li di yo: -Sanble non. M'ap fè nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k'ap vini yo.