1 Peter 1:22
Koulye a, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou sa gen yon renmen sensè pou frè yo. Se sak fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
John 15:3Nou menm, avèk tou sa m' moutre nou yo, nou deja nan kondisyon pou n' fè volonte Bondye.
John 17:17Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a.
Acts 6:7Pawòl Bondye a t'ap gaye. Disip yo t'ap vin pi plis toujou nan Jerizalèm. Menm pami prèt yo, te gen anpil ki te asepte kwè pawòl la.
Romans 1:5Gremesi Jezikri sa a, Bondye fè m' favè pou m' travay tankou apòt, pou m' mennen moun tout nasyon, nan non menm Kris la, pou yo vin kwè nan li, pou yo obeyi li.
Romans 6:16Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l' esklav pou n' obeyi l', nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye.
Romans 12:9Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.