Akdèzapot 6:7
Pawòl Bondye a t'ap gaye. Disip yo t'ap vin pi plis toujou nan Jerizalèm. Menm pami prèt yo, te gen anpil ki te asepte kwè pawòl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Yo mennen yo bay apòt yo. Apòt yo lapriyè epi yo mete men sou tèt yo.
Cross References
2 Chronicles 29:34Men prèt yo pa t' anpil, yo pa t' ka kòche tout bèt yo te ofri pou boule nèt yo. Se moun Levi yo, moun menm fanmi ak yo, ki te vin ede yo fin fè travay la, jouk lòt prèt yo te fin mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, paske moun Levi yo te pi prese mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a pase prèt yo.
Psalms 132:9Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.
Matthew 19:30Anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè. Anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.
John 12:42Malgre sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pa t' kite moun wè sa pou yo pa t' mete yo deyò nan sinagòg la.
Acts 13:8Men, Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l' pa t' kwè.
Acts 19:20Se konsa pawòl Bondye a t'ap gaye avèk pouvwa, li t'ap moutre fòs li.