1 Peter 1:4
N'ap tann lè pou n' resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l', eritaj li sere pou nou nan syèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 40:7Zèb la cheche, flè a fennen, lè Seyè a voye van li soufle sou yo. Se vre wi! Se tankou zèb pèp la ye!
Matthew 25:34Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.
Acts 26:18pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.
1 Corinthians 9:25Moun k'ap fè egzèsis pou al nan konkou, yo bay kò yo yon disiplen sevè pou yo ka byen pare. Yo fè tou sa pou yo ka genyen yon kouwòn ki p'ap konsève lontan. Men nou menm, n'ap bay kò nou yon disiplen sevè pou n' ka genyen yon kouwòn k'ap la pou tout tan.
Galatians 3:18Paske, si kado Bondye bay la te chita sou lalwa Moyiz la, se pa ta yon pwomès ankò kado a ta ye. Men, Bondye te bay Abraram favè sa a paske li te pwomèt li sa.
Ephesians 1:14Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwòmèt li t'ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l' yo nèt. Se sak fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.