1 Peter 1:2
Se Bondye Papa a ki te chwazi nou dapre plan li te fè davans lan. Gremesi Sentespri li a, li mete nou apa pou li pou n' obeyi Jezikri, pou san Jezikri ki koule pou nou an ka mete nou nan kondisyon pou sèvi Bondye. M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 7:6N'a fè sa paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Se nou menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp ki sou latè pou li fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.
Isaiah 65:9Nan tout fanmi Jakòb la, m'ap fè moun branch fanmi Jida yo pran mòn mwen yo pou yo. Se la moun mwen chwazi yo ak moun k'ap sèvi m' yo va rete.
Daniel 4:1Men mesaj wa Nèbikadneza voye bay tout pèp, moun tout ras nan tout peyi ki pale lòt lang toupatou sou latè: -Gwo bonjou ak anpil kè poze pou nou tout.
Matthew 24:22Si yo pa t' wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.
Matthew 24:31Gwo klewon an va sonnen, la voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.
Mark 13:22Lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt; y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.