1 Peter 2:11
Zanmi m' yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulye a tankou ak moun ki etranje, ki depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak tout egzijans lachè a k'ap goumen kont nanm nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 23:4-Se etranje mwen ye, se depasaj mwen ye nan mitan nou. Vann mwen yon anplasman pou m' ka antere madanm mwen, konsa m'a wete kadav la devan je m'.
Leviticus 15:18Lè yon nonm kouche ak yon fanm epi li voye anndan l', tou de gen pou benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
1 Chronicles 29:15Seyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nwaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri.
Psalms 119:19Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m' konnen kòmandman ou yo.
Luke 21:34Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè.
Acts 15:29Pa manje vyann bèt ki te ofri pou zidòl, pa manje san, pa manje vyann bèt ki mouri toufe, egzante tout dezòd lachè. N'a fè byen si nou pa fè bagay sa yo. Bondye ak nou!