Romans 11:6
Se pa paske yo te fè sa ki byen kifè Bondye te fè yo fave sa a; men se paske Bondye te vle fè l' pou yo. Si se pa t' konsa, favè Bondye a pa ta yon favè tout bon ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Konsa tou, koulye a, gen yon ti rès Bondye te chwazi nan pèp la, se yon favè li te fè yo.
Cross References
Deuteronomy 9:4Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin chase moun sa yo devan nou, piga nou di nan kè nou se paske nou merite kifè Seyè a te fè n' antre pran peyi a pou nou. Non. Se paske moun sa yo mechan kifè Seyè a te mete yo deyò ban nou plas yo.
Romans 4:4Moun ki fè yon travay resevwa lajan pou sa l' fè a. Lajan yo ba li a, se pa yon favè, ni se pa kado yo fè li. Se yon bagay yo dwe li.
1 Corinthians 15:10Se favè Bondye fè m' lan ki fè m' sa m' ye a. Men, li pa t' gaspiye favè l' lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m' lan ki fè sa konsa.
Galatians 5:4Moun ki kwè Bondye ap fè yo gras paske yo fè sa lalwa a mande, yo vire do bay Kris la. Yo pèdi favè Bondye a.
2 Timothy 1:9Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n' ka viv pou li. Li pa t' fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa soti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay.