1 Peter 2:17
Se pou nou bay chak moun respè li merite. renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a.
Bib La
In The King James Version
Honour all men. Love the brotherhood. Fear God. Honour the king.
In Context
Cross References
Genesis 20:11Abraram reponn li. Mwen te di nan kè m' pa gen moun ki gen krentif pou Bondye bò isit la. Mwen tè kwè yo ta ka touye m' poutèt madanm mwen.
Genesis 42:18Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: -Men sa pou n' fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye.
Leviticus 19:32Toujou leve kanpe devan granmoun cheve blan. Respekte figi vye granmoun, paske nou gen krentif pou mwen menm, Bondye nou an. Se mwen menm ki Seyè a!
1 Chronicles 29:20Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: -Annou fè lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Seyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a ak devan wa a.
Proverbs 1:7Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann.
Proverbs 24:21Pitit mwen, gen krentif pou Seyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo.