1 Peter 2:18
Nou menm domestik yo, nou fèt pou soumèt devan mèt nou yo avèk tout respè yo merite. Pa sèlman devan mèt ki bon yo, mèt ki gen bon kè yo, men devan mèt ki gen karaktè difisil yo tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 101:4Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m'. Mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ki mechan.
Proverbs 8:13Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.
Proverbs 11:20Seyè a pa vle wè moun k'ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l' ak moun k'ap mache dwat nan chemen yo.
Galatians 5:22Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè.
Colossians 3:22Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a nan tout bagay. Se pa sèlman lè nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k'ap fè lèzòm plezi. Men, se pou n' obeyi yo ak tout kè nou, akòz respè nou gen pou Seyè a.
Titus 2:9Pale ak domestik yo pou yo soumèt devan mèt yo, pou yo fè mèt yo plezi nan tout bagay. Yo pa fèt pou nan bay repons ak yo.