1 Peter 3:11
Se pou l' sispann fè sa ki mal, se pou l' fè sa ki byen. Se pou l' chache viv byen ak moun. Se pou l' fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun.
Bib La
In The King James Version
Let him eschew evil, and do good; let him seek peace, and ensue it.
In Context
Cross References
Job 1:1Te gen yon nonm yo te rele Jòb. Li te rete nan peyi Ouz. Se te yon nonm san repwòch ki te mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li te gen krentif pou Bondye, li te toujou ap chache fè sa ki byen.
Job 28:28Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.
Psalms 37:27Pa fè mal, fè sa ki byen. W'a toujou gen yon kote nan peyi a pou ou rete.
Psalms 125:4Seyè, aji byen avèk moun k'ap fè byen, avèk moun k'ap mennen yon lavi san repwòch.
Proverbs 16:6Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.
Isaiah 1:16Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!